31 views 9 mins 4 comments

RIBRIK KI MOUN OU YE?

In Culture
juillet 21, 2025

KI KOTE MO MOUN LAN SOTI ?

        Pѐsonn pa fouti foure men li nan nannan panse dekolonyal pѐp Ayisyen an, san li pa al fouye zo nan kalalou peryòd kolonyal la. Sitou, nan gade dinamik rezistans popilѐ moun ki t ap bouske libѐte yo a ; nan lide pou konnen kisa yo t ap regle. Rapid vit, nou ka wѐ demach yo a, te akouche yon lang (kreyòl), kòm zouti pou kominike nan batay la. Epi, yon kwayans sou konsepsyon lavi a, ki pa t tete lang avѐk konsepsyon loksidan kolonyal la.

     Depi nan labrindiswa 15zyѐm pou bout sou lanjelis 16zyѐm, yon latriye moun tanmen reflechi sou koze eta lanati moun. Yon seri refleksyon ki te kontinye jouk nan 18 tyѐm syѐk Lewòp la. Pami plenmeyank sa yo, nou jwenn Thomas Hobbes nan Levyatan ki mande pou siprime eta natirѐl moun, sitou nan kokobe sa yo te ka rele « konatis ». Konatis la se yon esans k ap dyayi nan kò moun lan pou ogmante oubyen diminye pisans moun lan, k ap tante pѐseve nan moun lan. Koze kokobe konatis moun yo a, se eleman ki prepare tѐren pou al koukouman moun yo, nan yon chema dominasyon. Yon chema ki anpeche moun yo moun. Se pou rezon sila, Spinoza limenm, ankouje libere konatis moun yo, pou rive atenn dimansyon pisans yo. Pou dayѐ, se menm konatis sa, ou pral jwenn lakay moun yo, nan lojik afriken an, ki rele « NTU » an. Pidouvan, nou pral dekòtike NTU a ki se menm plimay avѐk konatis la. Pou n tounen sou koze moun lan, anndan lang kreyòl la, ki t ap mache kontre demach leksikal kolon an avѐk demach sentaksik plis semantik lafrik la; lѐ yo te rive sou konsѐp ѐt imen an ; yo te jete li pou ranmase konsѐp moun lan.Depi nan premye kazak peyi a, nou te gentan mete lang sila sou kote pou valorize lang kolon an. Sa ki vin fѐ, nou pa janm chita pou di tѐt nou, ki kote mo moun lan soti ? « Pouki se li menm Ayisyen ki t ap goumen pou libѐte yo te adopte ? Ale wѐ pou nou ta rive konprann, mo moun lan ranmase tout esans ki genyen nan panse dekolonyal pѐp Ayisyen an.

        Pou koupe kout mete nan makout, mo moun lan, daprѐ Daphnée Jacques, alyas Zanna ak Mesmin Gabriel, soti nan Muntu. Muntu a menm soti nan kimuntu, ki se yon anyen lekòl inisyatik pou leve konsyans moun. Se youn nan pi ansyen lekòl sajѐs nan kontinan lafrik, ki chita nan peyi kikongo. Lѐ nou fouye zo nan kalalou muntu a, li vle di, antite diven oubyen bondye ki gen yon dividal ak yon katafal dimansyon ki enkane nan lide pou li degaje yon konsyans. Ntu a menm, vle di, enѐji ansyen ki soti nan enѐji kreyatris lavi a. Se enѐji sila ki sipoze mennen moun lan. Se li menm ki moun lan menm. Se li ki pote idantite moun lan. Mete sou sa, nan yon tѐks Kajiga BALIHUTA ki trete lang ak kilti Bantou yo, fѐ konnen, NTU a se nasyon fòs ki fonn toudinnpyѐs avѐk moun lan kòm antite. NTU a, pou repete ekriven an, se fòs ki nan moun lan ki kapab grandi oubyen diminye oudimwen, ki kapab ranfòse oubyen deperi. Kivledi, prensip NTU a, ranpli menm fonksyon avѐk prensip konatis lotѐ ata nati moun yo, nan kontinan Ewopeyen an.

        Kidonk, nan kosmogoni afriken an, yon moun se yon antite ki jouke nan jouk kosmòs tout longѐ pou li ka jwenn tout enegrasyon ak koyezyon kosmik li. Se yon antite ki sipoze jwenn direksyon ak kondwit lavi li, apati entelijans siperyѐ k ap mennen lavi a. kosmogoni afriken an, pati avѐk lide, anndan linivѐ a, genyen yon entelijans k ap mennen li. Yon entelijans ou ka konsidere tankou Bondye lavi a, nan sans filozofi Spinoza a. Se entelijans sa ki sipoze mennen moun yo. Yo resevwa li apati prensip Ntu a oubyen konatis la. Se pou rezon sa, Boukman te dinou nan seremoni bwa kayiman, jete pòtrѐ dye blan, koute libѐte ki nan nou an.Nan yon lòt sans nou te ka di senbolis bwa kayiman, se libete konatis oubyen NTU moun yo, pou libere yo total kapital.

         Savledi, lojik kolonyal ak esklavaj la, arive dejouke moun nan entelijans kosmòs la. Epi, li rive jouke yo nan alyenasyon ak kondisyònman sosyal la. Se demach pou rann moun esklav la menm. Yon demach ki ekziste jouk jounen jodia, sou yon fòm ki pi dous. Kidonk, sѐl sa ki ka retire moun nan jouk kolonyal ak esklavaj la, se rive konstwi dimansyon mounite inivѐsѐl n ap pale la. Yon demach k ap penmѐt moun yo vin moun nan sans prensip Ntu kimuntu a. Se pa san rezon sajѐs popilѐ ayisyen an toujou di : « Tout moun se moun, pa gen moun pase moun ». Se sѐl anndan lojik sa nou ka trape sajѐs fѐtefouni lavi a. Yon sajѐs k ap dodomeya nan kouran enѐji kosmòs la.

        Kidonk, nou sipoze travay sou mounite inivѐsѐl nou, pou nou ka rive konnen kiyѐs ou ye. Yon pwosesis ki sanble ak yon kaskѐt chinwa pou moun yo. Paske, demach newokolonyal ak enperyalis k ap madichonnen peyi a, anpeche nou konnen kiyѐs yo ye. Mete sou sistѐm sosyalizasyon peyi a, kip a jouke nan yon pwojѐ konsa. Yon mannyѐ pou nou ka rete nan esklavay mantal ak espirityѐl nou ye la.

        An n chache konnen kiyѐs nou ye. Men tou, ou pa ka konnen kiyѐs ou ye, si ou pa vire do bay lojik loksidan, pou tounen nan sous la. Yon sous k ap jayi dlo lafrik, tayno ak atlantid. Apre sa, n a marande li avѐk valѐ pozitif loksidan yo.

James Francisque
Ekriven jounalis