287 views 18 mins 66 comments

MOUNITE INIVESEL, YON NESESITE MONDYAL

In Culture
juillet 21, 2025

RIBRIK KI MOUN OU YE

      Depi apre tranblemann tѐ 12 janvye 2010 la, pou plis presizyon, depi peryòd eleksyon pou pòs prezidan Martelly pou mennen jouk sou Jovenel la, zafѐ chanje sistѐm lan ap deplòtonnen pou pran plis plas, sou tab diskisyon politik peyi a. Nan dѐnye evѐnman politik yo, depi nan peyi lòk 2018 yo pou pase nan koze kriz apre lanmò prezidan Jovenel Moise la jouk pou rabat sou kriz koulѐv 7 tѐt yo, dosye sila pa sispann ajite nan deba k ap fѐt sou peyi a. san kite, diskisyon jewopolotik ap desinen nesesite yon lòt òd mondyal, parapò ak latriye tansyon k ap deplòtonnen nan monn lan. Men, yonn nan koze ki pako klѐ kou dlo kòk nan diskisyon yo, se avѐk ki sistѐm nou ta dwe ranplase sa ki gen la. Fòk, nou di tou, depi nan fen manda prezidan Jovenel la, jouk jounen jodi a, gen yon nouvo konstitisyon ki bloge nan gòjѐt pѐp la, kote dirijan yo ak gwo trѐt makiye lòt peyi ap tante, men yopako ka fѐ pѐp la vale li, ki sanble espresyon chanje sistѐm politik la, andeyò plenyen pѐp la apati ekspresyon popilѐ ki makònen ak volonte konsyans istorik li k ap degade a.

    Kalbas Ayiti ki se yonn òganizasyon sosyokiltirѐl ki t ap mennen yon aktivite ki rele 20 jou sou Ayisyanite nou depi anviwon 8 lanne nan peyi a; konn toujou envite moun yo retounen nan sous yo. Se te yon aktivite ki te tanmen nan lanne 2016 pou bout nan 2024. Se nan founi je gade nan sous sa, nou vin konstate, baz pou lòtsistѐm lan te gentan monte. Li rele, pwojѐ libѐte a, ki chita sou toyo(paradig) mounite inivѐsѐl la. Yon pwojѐ ki monte baz li depi nan seremoni bwa kayiman an.

   Kounye a, an nou wѐ kisa ki sistѐm lan ak kisa ki mounite a. Yon sistѐm semakònay yon latriye eleman ki plòtonnen yonn ak lòt sou baz yon òganaizasyon espesifik ki menm plimay pou bay yon rezilta espere. Baz sila, gen yon gwo angloban ki nan alevini avѐk yon eleman k ap rantre plis yon lòt eleman k ap soti.Nan ka yon sosyete, sosyològ Parson di, yon sistѐm genyen 4 envanryan ki paka chanje ki se eleman byolojik oubyen natirѐl moun yo, eleman sikolojik ki se zouti mantal moun yo. Plis eleman sosyal yo ki defini lyen ak rapò moun yo deplòtonnen antre yo. Boutofen, eleman kiltirѐl yo k ap chita chan senbolik ak valѐ moun yo.Kidonk, yon moun egziste apati mak fabrik sistѐm lan. Kanta koze mounite a, se yon demach k ap tante bouske prensip konatis oubyen NTU ki lakay moun yo. Prensip sila, se limenm sistѐm sivilizasyon oksidan demantibile lakay moun yo, pou koukouman dimansyon pisans ki lakay moun yo. Sa ki rann yo zonbi, alyene ak esklav. Yo vin koupe fache ak libѐte plis dimansyon etik pwofon filozòf Spinoza ap tante bouske a. kidonk, mounite a, se manifestasyon prensip NTU a oubyenkonatis la lakay moun yo, pou fѐ yon moun vin moun.

     Dikonk, depi nan fen 18ѐm syѐk pou rantre nan papòt 19ѐm syѐk la, limanite te konstate òd mondyal ki te chita sou kolonizasyon ak lesklav k ap koukoumanprensip konatis moun yo t ap repwoche nan bout li. Dimansyon konatis oubyen NTU moun yo t ap deplòtonnen. Yonn nan rezon ki te esplike sa, sistѐm kapitalis ki t ap emѐje a, te gentan ap envante yon latriye machin ki te pral ranplase bra moun yo, nan pwosesis pwodiksyon ekonomik lan. Yon sistѐm ki te bezwen yon pi gwo pisans lakay moun yo. Sa ki te pral mennen, kѐk lòsyѐ konesans ki te penmѐt moun yo poze tѐt yo kѐk kesyon sou rapò yo ta sipoze deplòtonnen avѐk tѐt yo, avѐk lòt moun, san kite dѐyѐ tout linivѐ ki viwonnen yo a.

       Nan sans sa, te gen twa pwopozisyon ki te fѐt pou pwosesis pwodiksyon mondyal la te kontinye ponmen kò li. Lafrans ak tout rѐs akolit pisans kolonyal li yo te pwopoze newokolonizasyon. Yon demach pou kenbe yo anba zѐzѐldominasyon an. Sitou, tout peyi ansyen koloni yo, nan lide pou yo founi matyѐ premye pou yo ka fѐ pwodiksyon endistriyѐl lakay yo. Lѐzetazini ki pa t yon pisans kolonyal, men, yon peyi dominan ak emѐjan te pwopoze enperyalis. Ki vle di, yonpisans endistriyѐl k ap glonfle venn li, pou pwodwi lakay li byen ak sѐvisekonomik. Epi, al mache vann yo bay rѐs peyi k ap sibi dominasyon gwo pisans yo. Ayiti menm, te pwopoze yon ekonomi libѐte, pou chak peyi rive granmoun tѐt nan yon dinamik ekonomi sosyal ak solidѐ. Se te yon veritab manman penmba nan zafѐ òd dekolonyal, ki te kont tout fòm dominasyon ak alyenasyon mantal ak fizik.Yon pwojѐ òd mondyal ki te kache dѐyѐ li yon pwojѐ ki rele mounite inivѐsѐl. Se yon pwojѐ ki penmѐt chak moun vin moun nan deplòtonnen tout esans konatisoubyen NTU ki lakay yo pou atenn dimansyon pisans lavi yo. Yon pisans k ap rannyo lib, nan yon chema espirityalite natirѐl ak ekolojik.

     Kounye a, li enpòtan pou nou gade kisa ki pwojѐ mounite inivѐsѐl la. Jan nou te di li nan atik pase a, mounite a, se yon atribi ki ranmase tout sila ki konstitiye makfabrik moun lan. Lѐ ou ajoute adjektif « inivѐsѐl » la dѐyѐ l, li bay moun lan, yondimansyon k ap penmѐt li rive reyentegre lavi li nan entelijans k ap mennenkosmòs la. Sa ki vin fѐ moun lan fonksyone apati prensip Ntu a oubyen konatis la; ki vin fѐ li yon moun ki atenn dimansyon lanmou lavi a, espirityalite pwofon an akbeyatitid san manke moso nan sans pѐfeksyon filozofi Spinoza ap klewonnen an.Se yon moun ki rive eliminen tout kontrent anndan tankou deyò ki te ka fѐ li vivsou lobedyans lòt moun. Sa nou te ka rele alyenasyon ak esklavay la. Se yondimansyon libѐte ki penmѐt moun lan koute entelijans kosmòs la k ap dodomeyanan fòs enteryѐ li, apati konesans entwitiv li. Yon reyalite idewolojik k ap penmѐt moun yo viv nan amoni kosmik lan.

     Sa pa vle di, moun yo pral jete nan raje dimansyon kiltirѐl yo. Men, yo vin yon moun ki konstwi lavi sosyal yo sou twa etaj. Yon etaj sikososyal ki ranmase tout konesans imedya sou fonsyònman anviwònman li, pou li ka rive adapte li nanreyalite lavi a. kivledi, nan yon plan deyò, lavi li pral detѐminen apati prensip lanati yo. Men, nan yon plan anndan, chak eleman ki vin ateri sou konsyans li, li dwe konvѐti li nan chan pisans li a pou rapousiv lavi tankou yon opòtinite. Sa patik sila, k ap penmѐt li jouke nan plan souvren byen Spinoza a. Yon etaj etnosikolojikki ranmase tout memwa zansѐt li, kòm eritaj ansestral. Boutofen, yon etaj kosmik ki konekte moun lan avѐk sajѐs enfini lavi a ki se prensip konatis oubyen NTU a, yon mannyѐ pou remete nan kesyònman pwofon an, tou de premye etaj anvan yo, nan lide pou jwenn pi bon mannyѐ yo ka viv avѐk li nan lespri amoni kosmòs la.

    Lojik mounite inivѐsѐl sa, se yon lojik pou wete moun yo sou tout fòmdominasyon ak alyenasyon gwoup dominan yo. Se yon lojik k ap penmѐt moun yo viv nan amoni san kanpe reyalite kosmòs la. Se yon lojik ki ka eliminen tout vye katyouboumbe planѐt tѐ a, ap sibi akoz move pratik n ap mennen nan anviwònman an. Jounen jodi a, nan tout planѐt la, gen yon konsyans k ap deplòtonnen pou revandike yon mouvman ekolojik. Nou ka menm di, li sanble yon nouvo idewolojiki ta pral mennen monn lan. Se sa yo pral rele, yon idewoloji ekolojik. Ki vle di, gen yon lòt jan moun yo ap reflechi pou viv nan kosmòs la. Sitou, yon mòd lavi kipa vini avѐk chòk anretou pou planѐt la. Sѐl dinamik ki ka penmѐt nou atenndimansyon sa, se dimansyon mounite inivѐsѐl n ap pale la. Yon dinamik k appenmѐt nou deplòtonnen prensip konatis oubyen NTU a. Se nan sans sa, nou di mounite inivѐsѐl la, se yon nesesite mondyal. Se yon pwojѐ ki pran nesans nan peyi Ayiti, epi, li endispansab pou pwogrѐ peyi a. Se li ki ka penmѐt nou viv nan dimansyon ekolojik k ap klewonnen nan monn lan. Malgre, anpil nan moun k appouse pou mouvman ak idewoloji ekolojik yo, pako rive konprann dimansyon sa nan batay la. Epoutan, li se yon nesesite. Sinon batay pou transfòmasyon lavi mounyo pral patinen nan wout. Demach maksis yo pote gwo apò pa yo. Men, li gen limit li, menm jan avѐk tout lòt paradig k ap eseye konprann reyalite a, ak rive transfòme li. Lavi a dinamik ! Ki vle di, sa pou nou sonje, Ayiti te gentan konstwi lòt òdmondyal sila. An nou retounen nan sous la.

James Francisque

Ekriven jounalis

(509) 40133420

dafrancisque@gmail.com

66 comments on “MOUNITE INIVESEL, YON NESESITE MONDYAL
Leave a Reply